National anthem of Haiti: La Dessalinienne

The Haitian national anthem was written by Justin Lhérisson and composed by Nicolas Geffrard.

Pou Ayiti peyi Zansèt yo Se pou-n (pou nou) mache men nan lamen Nan mitan-n (mitan nou) pa fèt pou gen trèt Nou fèt pou-n (pou nou) sèl mèt tèt nou. Annou mache men nan lamen Pou Ayiti ka vin pi bèl Annou, annou, met tèt ansanm Pou Ayiti onon tout Zansèt yo. Pou Ayiti onon Zansèt yo Se pou-n (pou nou) sekle se pou-n (pou nou) plante Se nan tè tout fòs nou chita Se li-k (li ki) ba nou manje Ann bite tè, ann voye wou Ak kè kontan, fòk tè a bay Sekle, wouze, fanm tankou gason Pou-n (Pou nou) rive viv ak sèl fòs ponyèt nou. Pou Ayiti ak pou Zansèt yo Fo nou kapab vanyan gason Moun pa fèt pou ret avèk moun Se sa-k (sa ki) fè tout Manman ak tout Papa Dwe pou voye Timoun lekòl Pou yo aprann, pou yo konnen Sa Tousen, Desalin, Kristòf, Petyon Te fè pou wet Ayisyen anba bòt blan. Pou Ayiti onon Zansèt yo Ann leve tèt nou gad anlè Pou tout moun mande Granmèt la Pou-l (Pou li) ba nou pwoteksyon Pou move zanj pa detounen-n Pou-n (Pou nou) ka mache nan bon chimen Pou libète ka libète Fòk lajistis blayi sou peyi a! Nou gen drapo tankou tout pèp Se pou nou renmen-l (renmen li) mouri pou li Se pa kado blan te fè nou Se san Zansèt nou yo ki te koule Pou nou kenbe drapo nou wo Se pou nou travay met tèt ansanm. Pou lòt peyi ka respekte-l (respekte li) Drapo sila a se nanm tout Ayisyen.

Haiti National symbols

⏪ Back to the national symbols of Haiti

What is Haiti known for?

Haiti is known for its delicious cuisine and rich folklore traditions

Where is Haiti located?

Neighbours of Haiti

Questions & Answers about Haiti

Compare Haiti with other countries

with

Compare Haiti with its neighbours

Guess the Flags Quiz